Tout moun konnen yon lang se yon
zouti pou moun kominike, di sa yo santi, panse oubyen konnen. Pou nou menm
ayisyen, lang kreyòl la se yonn nan de (2) lang nou genyen pou’n echanje pawòl.
Epitou li pale plizyè kote nan mond lan
tankou Lwizyan, Gwadloup, Ladominik, Matinik, Moris… se jis pou nou montre
w gen anpil moun ki pale kreyòl. Li
nesesè pou’n konnen ki kote lang kreyol la sòti ? epi tou koman l
fonksyone ? Nan liy kap vini la yo, nou pral eseye jwenn yon repons.
Lang kreyòl la pran nesans nan syèk
kolonizasyon franse yo. Nan kontak ki te genyen ant mèt (ki te konn pale yon
fransè popilè anfrans) ak esklav (ki te soti nan anpil kote sou kontinan afrinken
an). Kontak lang sa yo te sèlman vèbal, epitou pat gen kesyon itilize fraz
nòmal paske anpil nan mèt yo pat kiltive pase sa. Men fè nou konnen tou lang yo
te konn itilize a pat rele kreyòl.
Mo kreyòl la vini nan lang pòtigè
a “criaulo” ki vle di popilasyon ki fèt sou yon zile men zanzèt yo soti yon lòt
kote. Li pran
nesans depi kenzyèm syèk, lè pòtigal te komanse rantre nan kolonize lòt pèp. Se pou
yo te ka deziye tout sa ki te pran nesans nan koloni an. Konsa
« criaulo » vin tounen « Criollo » nan lang panyòl,
« creole » nan lang anglè, « créole » nan franse epi Kreyòl
nan lang ayisyen an. Sa montre gen yon rapò sere sere ant tèm yo. Se sak fè
jodia kreyòl vin sinonim “melanj lang”.
Erezman kreyòl ayisyen vin evolye. Epitou li vin diferan de lang franse
a.
Tankou tout lot lang, lang kreyol la gen yon gramè
pou’l kapab byen fonksyone. Pou ekri lang kreyol la, nou sevi ak grafem ki
genyen 31 let. Apre sa yo vinn divize an Vwayèl ak Konsòn. Se konsa nou vin gen
twa (3) konson nazal epitou kenz (15) konson oral. Epitou n’ap jwenn vwayèl yo
divize an twa (3) pati: Twa (3) vwayèl nazal; Sis (6) Vwayèl Oral ak twa (3)
demi-vwayèl. Pa bliye grafèm se yon siy otograf ki koresponn ak yon son. Konsa
li tou li kapab genyen yonn oubyen de lèt.
Fè nou di gen yon sèl aksan nan lang kreyol la, ki se
aksan fòs. Se regs a yo ak anpil lot anko ki fèl fonksyone.
Mwen renmen sa
RépondreSupprimerOrigine
Supprimer🥰🥰🙏😃
SupprimerSvp mw ta renmen konen non moun ki te bay nesans a lang kreyol la e nan ki ane
SupprimerMerci
RépondreSupprimermerci
SupprimerSvp mh ta renmen konnen ki jan poun fè poun jwenn hononyme nan lang kreyol la
RépondreSupprimerEBON POU OU
SupprimerMèsi
RépondreSupprimeranpil
Orijin lang kreyol la menm
RépondreSupprimerWi
SupprimerMerci pour la réponse
RépondreSupprimerKi orijin Lang kreyol la
RépondreSupprimerD'origine esclavagiste
Supprimermèsi pou repons lan
RépondreSupprimertanks you
RépondreSupprimerKi orijin lòt lang kreyòl yo svp???
RépondreSupprimerMesi
SupprimerOtè ayisyen ki vivan svp
RépondreSupprimerMerciless svp
RépondreSupprimerKi lé lang kreyól la te pran nesans ?
RépondreSupprimerMW ta renmen konnen ki diferans ki genyen ant sosyete abitasyon e sosyete plantasyon
RépondreSupprimer🙏✅🫂
RépondreSupprimer