Orijin lang Kreyol

Tout moun konnen yon lang se yon zouti pou moun kominike, di sa yo santi, panse oubyen konnen. Pou nou menm ayisyen, lang kreyòl la se yonn nan de (2) lang nou genyen pou’n echanje pawòl.  Epitou li pale plizyè kote nan mond lan tankou Lwizyan, Gwadloup, Ladominik, Matinik, Moris… se jis pou nou montre w  gen anpil moun ki pale kreyòl. Li nesesè pou’n konnen ki kote lang kreyol la sòti ? epi tou koman l fonksyone ? Nan liy kap vini la yo, nou pral eseye jwenn yon repons.
Lang kreyòl la pran nesans nan syèk kolonizasyon franse yo. Nan kontak ki te genyen ant mèt (ki te konn pale yon fransè popilè anfrans) ak esklav (ki te soti nan anpil kote sou kontinan afrinken an). Kontak lang sa yo te sèlman vèbal, epitou pat gen kesyon itilize fraz nòmal paske anpil nan mèt yo pat kiltive pase sa. Men fè nou konnen tou lang yo te konn itilize a pat rele kreyòl.
Mo kreyòl la vini nan lang pòtigè a “criaulo” ki vle di popilasyon ki fèt sou yon zile men zanzèt yo soti yon lòt kote. Li pran nesans depi kenzyèm syèk, lè pòtigal te komanse rantre nan kolonize lòt pèp. Se pou yo te ka deziye tout sa ki te pran nesans nan koloni an. Konsa « criaulo » vin tounen « Criollo » nan lang panyòl, « creole » nan lang anglè, « créole » nan franse epi Kreyòl nan lang ayisyen an. Sa montre gen yon rapò sere sere ant tèm yo. Se sak fè jodia kreyòl vin sinonim “melanj lang”.  Erezman kreyòl ayisyen vin evolye. Epitou li vin diferan de lang franse a.
Tankou tout lot lang, lang kreyol la gen yon gramè pou’l kapab byen fonksyone. Pou ekri lang kreyol la, nou sevi ak grafem ki genyen 31 let. Apre sa yo vinn divize an Vwayèl ak Konsòn. Se konsa nou vin gen twa (3) konson nazal epitou kenz (15) konson oral. Epitou n’ap jwenn vwayèl yo divize an twa (3) pati: Twa (3) vwayèl nazal; Sis (6) Vwayèl Oral ak twa (3) demi-vwayèl. Pa bliye grafèm se yon siy otograf ki koresponn ak yon son. Konsa li tou li kapab genyen yonn oubyen de lèt.

Fè nou di gen yon sèl aksan nan lang kreyol la, ki se aksan fòs. Se regs a yo ak anpil lot anko ki fèl fonksyone.

Commentaires

  1. Réponses
    1. Svp mw ta renmen konen non moun ki te bay nesans a lang kreyol la e nan ki ane

      Supprimer
  2. Svp mh ta renmen konnen ki jan poun fè poun jwenn hononyme nan lang kreyol la

    RépondreSupprimer
  3. Orijin lang kreyol la menm

    RépondreSupprimer
  4. Merci pour la réponse

    RépondreSupprimer
  5. Ki orijin Lang kreyol la

    RépondreSupprimer
  6. Ki orijin lòt lang kreyòl yo svp???

    RépondreSupprimer
  7. Otè ayisyen ki vivan svp

    RépondreSupprimer
  8. Ki lé lang kreyól la te pran nesans ?

    RépondreSupprimer
  9. MW ta renmen konnen ki diferans ki genyen ant sosyete abitasyon e sosyete plantasyon

    RépondreSupprimer

Enregistrer un commentaire